Polynice's Agency

Le Prétoire Cabinet d'Avocats www.polyniceagency.com

SAL PRAL DI A KAPAP KOUTEM CHE MEN MWEN PAP MOURI AVEL E SA KI PA KONTAN A ANBAKE
NAN FONDS-PARISIEN NOU GEN KONPOTMAN MOUTON NAN FE BIZNIS MEN NOU PA VIV TANKOU MOUTON. SA FE KE DEPI BIZNIS LA PA MACHE TOUT FONDS-PARISIEN NAN PROBLEM. SELON SA MWEN KONSTATE NOU PE PRAN RISK E NOU VLE PROFITE DE IDE E RISK YON MOUNN PRAN POUL METE YON BIZNIS SOU PIE
BREF REZUME DE SITIASION A

YOUN TRAVAY TE REKOLT BON TOU MOUNN TE TRAVAIL TE ANE PROCHAINE
YOUN ACHTE BISIKLET TOUT MOUNN ACHTE BISIKLET
YUON ACHTE MOTOSIKLET TOUT ACHTE MOTOSIKLET
YOUN ACHTE KANTÈ TOUT ACHTE KANTÈ
YOUN ACHTE CAMIONET TOUT ACHTE CAMIONET
YOUN ACHTE GMC TOUT ACHTE GMC
YOUN ALE MALPASS TOUT AL MALPASS
YOUN AL SPRING VALLEY TOUT AL SPRING VALLEY
YOUN AL FE SAINT DOMINQUE TOUT AL FE SAIT DOMINQUE
YOUN FE BOUTIQUE TOUT FE BOUTIQUE
YOUN FE DEPO TOUT FE DEPO
YOUN AL FE CAMBIADOL TOUT AL FE CAMBIADOL
YOUN AL KENBE POT MALPASS TOUT AL KENBE POT MALPASS
YOUN APRANN CHOFE TOUT APRAN CHOFE
YOUN FE IZIN TOUT IZIN
YOUN FE KANAVAL TOUT FE KANAVAL
YOUN FE RESTORAN TOUT FE RESTORAN
YOUN FE EKSETERA TOUT EKSETERA
YOUN AL NAN SAB TOUT AL NAN SAB
E SA KIPI MAL SAK PAKA FE AP CHECHE KRAZE SA LOT LA FE
KEK FOI VLE MENM TOUYEL POU SAL FE

SYSPANN

MEZANMI TANDE LE NOU FEL KONSA SA PAP MACHE POU LOTAN
SA FE LE BAGAY LA PA MACHE NOU TOUT NAN PROBLEM PASKE
MAP FE MENM BAGAY E FE YON RAYI LOT
NOU TOUT PAKA FE MENM BAGAY

MAP BANOU REZON NAN YON LOT TEXT
E MAP EXPLIKE KISA KI KOMPETISION

Share Twitter

Reply to This

Replies to This Discussion

Avan mouin bay opinion mouin. Mouin vle felicite ou pou jan ou ginyin kouraj pou pale. Mouin swete anpil moun konpran ou tres bwen. Ebien pitit gason mouin an. Nou konpram sa tres bwen Fonds Parisien rinmin nan konpetition se sa ki fe youn pa bay lot glore le li fer youn lot route.

Nap pran ezanple plisier moun nou ginyin ki etudie plisier branch: Docter, injenier, agonomi, science computer, paster, predicater, ougan, nou min ginyin moun ki nan seminaire kap etudie pou vini youn per Catholic.

1. Kestion mouin ginyin pou ou eske se konpetition nou rinmin fer ou bien konnin nou pa konnin lot bagay pou nou fer?

Ebien fre mouin an, an nou rele deyer tout moun ke parant nou yo fer rive nan youn prosition kote yo pa fer min bagay ak youn lot, pou retounin al fer formation Fonds Parisien.

Si ou vle map ekri nom plisier moun mouin konnin ki pa fer min bagay avek lot.

Mersi anpil pou jan ou pale mouin ba ou A+

Bon travay

Peace be with you

Reply to This

se paske nou pa pote atansyon ak ak sink dwet ke Bon Dye ban nou ki pa menm longe
li fe li konsa se paske li vle ke nou youn sipote lot nan moman difisil yo.
sispann gade sou lot

Reply to This

Mouin dakor avek ou paske nou pa dwe chita gade sou lot. se fe sa nou kap fe pou ede. chak moun ginyin filosofi pa yo. ginyin se pale san action, ginyin se kritike min ginyin ki aplodi sa youn lot fe tou. fason ou pale ou se youn bon patriot nan Fonds Parisien. Nou kap wer ou se youn moun ki konnin pale san fer bas deryer. Mes compliman. nou swete ou fer lot fi yo pale tou. Mouin ginyin anpil zanmi nan file mouin an, mouin vle ou se youn tou.

Peace be with you

Reply to This

kouman nou ye?

mwen se youn nan moun polynice e trè fran.

kitem din yon gabay ke mwen paka konprann nan moun fonds-parisien.Dat nap voyaje,nou wè tout magazin yo menm kote e yo konn vann prèske menm bagay.Men, poukisa youn paka fè isin pou yon lot fèl,poukisa yon paka voyaje pou lot pa voyaje,poukisa youn paka achte kantè pou yon lot achtel.Manyè retire vyé ide sot sa yo nan tèt nou.Lè yo fè sa se pou enpe moun ka benefisyé e pou yo jwenn travay. Sam ka konprann si nou di, si youn al volè lot la pa oblyje gade sou li poul al volè,paske sa ka sal tout fanmil. Men sa nou oblije gere:aktyèlman nan fonds-parisien ,tijenn fi yo pa gen krentif pou madan maryé yo paske mesyé yo di fanm deyo pi dous.Lontan mwen sonje se nan rage yo te konn fè vodou men, kounyé nan fonds-parisien se tout ki oblyje kouri antran pou moun ki nan satan yo opere ,yo menm fè jèn,veye de nwit,savwa viv,etud e fomasyon.Mezanmi,ann kouri dèyè tout sak pa bon yo e tout sa ki kapap sal ti kominote nou an.Pa rete sou sa kap fè efo pou bay lot yo travay e fok nou konnen ke avion yo kap vole a, se pa pou inpe moun yo te fèl se pou tout moun voyaje e se pou tout moun jwenn travay pou yo kal envesti lakay.Paske peyi blan pa peyi nou.

se tout sam te vle din!

Peace Be With You said:
Mouin dakor avek ou paske nou pa dwe chita gade sou lot. se fe sa nou kap fe pou ede. chak moun ginyin filosofi pa yo. ginyin se pale san action, ginyin se kritike min ginyin ki aplodi sa youn lot fe tou. fason ou pale ou se youn bon patriot nan Fonds Parisien. Nou kap wer ou se youn moun ki konnin pale san fer bas deryer. Mes compliman. nou swete ou fer lot fi yo pale tou. Mouin ginyin anpil zanmi nan file mouin an, mouin vle ou se youn tou.

Peace be with you

Reply to This

bouche b 90% raison

Reply to This

Mwen pa dako avek sa ou di a,paske si moun fonparizyen te fe yon sel bagay ou patap jwenn tout bagay sa yo pou tap repete.ou pale de plis ke 10 bagay ke moun fonparizyen fe.Eske ou panse si yon sel moun te achte GMC Li tap ka satisfe bezwen popilasyon an,eske ou panse si yon sel moun te genyen moto ,li tap ka bay tout moun sevis.eske ou panse si yon sel moun te ale malpas ,li tap ka fe tout travay ki genyen pou moun fe malpas yo.mwen panse si se sel papaw ou byen papam ki te genyen machine anpil moun patap janm ale lavil,sitou moun ki pa zanmiw yo.

An gro zanmi pam ,se pasa ki pwoblem nan,plis bagay yo anpil ,genyen pi bon sevis,le sa ou paka fe enteresant.ann pran ekzamp Digicel,Comcel ,epi voila.dim kijan ou we kominikasyon an ye kounye a nan peyi dayiti.
Bagay yo sipoze fet nan jan peyi a ap mache a.fok ou fe yo avek le tan.

Reply to This

mwen dako ave"w 200% frantzdy !!

saintilme frantzdy said:

sa rele nan term maketing repond avek demande yon produit !! (demand and supplied)

schello jean-louis said:
mwen dako ave"w 200% frantzdy !!

saintilme frantzdy said:
Mwen pa dako avek sa ou di a,paske si moun fonparizyen te fe yon sel bagay ou patap jwenn tout bagay sa yo pou tap repete.ou pale de plis ke 10 bagay ke moun fonparizyen fe.Eske ou panse si yon sel moun te achte GMC Li tap ka satisfe bezwen popilasyon an,eske ou panse si yon sel moun te genyen moto ,li tap ka bay tout moun sevis.eske ou panse si yon sel moun te ale malpas ,li tap ka fe tout travay ki genyen pou moun fe malpas yo.mwen panse si se sel papaw ou byen papam ki te genyen machine anpil moun patap janm ale lavil,sitou moun ki pa zanmiw yo.

An gro zanmi pam ,se pasa ki pwoblem nan,plis bagay yo anpil ,genyen pi bon sevis,le sa ou paka fe enteresant.ann pran ekzamp Digicel,Comcel ,epi voila.dim kijan ou we kominikasyon an ye kounye a nan peyi dayiti.
Bagay yo sipoze fet nan jan peyi a ap mache a.fok ou fe yo avek le tan.

Reply to This

Hey Hibert sa ou vle di bouche b 90% raison. Ou samble ou per pale. Si ou pa pale ou pap ginyin peas nan ker ou. Peace Be With You.

Albert Hibert said:
bouche b 90% raison

Reply to This

RSS

Badge

Loading…

© 2010   Created by Polynice's Agency on Ning.   Create a Ning Network!

Badges  |  Report an Issue  |  Privacy  |  Terms of Service

Sign in to chat!