

Sen Jozef al kay sen Piè
Ala bel sa bel lè Sen Jozef al kay sen Piè
se al manje ponket nan mitan bouk,al ponmennen nan mon kalvè
se al chita devan komisaria,gade machin ki pral Fonparisien
Fok ou ta wè avek ki gran plezi y'ap retire doum bay machin yo pase
Apre yon bon bout tan yo tounen nan mitan bouk al mange pate
Sen Piè al kay sen Jozef
Ala bel sa bel lè sen Piè al kay sen Jozef
Se al benyen nan Letan,al manje bonbon siwo nan Bwademie
Se al chita nan teleko anba fige,gade machin kap pase pou al malpas
Fok ou ta wè ak ki gran plezi yap ede medam yo mete chay yo atè
Apre yon bon bout tan y'al achte pate nan men medam yo pou yo manje
Fonparisien al kay Grantie
Ala wont ki genyen lè Fonparisien al kay Grantie
Se al kraze brize,al voye woch,al kraze kay,al di gwo mo
Se pa'm pi bon,rache pankad,touye kabrit............
Gantie al kay Fonparisien
Se krase kay.se boule kay, se bay kout za'm,se piye kay
Se fè moun kraze rak,se pran pye mon,se desann anba nabou
Se kout makak se kout baton,se di gwo mo,se wololoy
Sen piè jwenn ak sen Jozef
ala bel lè sen Piè aprann sen Jozef ke li genyen kle legliz la nan min'l
Ala bel sa bel lè Sen Piè konnin ke sen Jozef se papa adoptif Jezu
Li di'l monchè se ouk pou fè'm jwenn Jezu
Konsa yo fè yon antant,pou sen Jozef batize ti moun yo la kay li,nan Fonparisie
Fonparisien tounin parwas
Bourik travay,chwal galonnin
Se voye woch sou bourik,kote chwal menm ap fè dans
Se bare rout , se kout baton,se kout makak
Gantie toujou komin
se bare rout,se kout baton,se kout makak
Se fè politik anba anba,fè lise,fè simitiè
Se bloke fontiè,plye ti machann,plye chofè.
fondparisienonline.com al kay ganthier.com
Se renmen,se linion,se kè kontan youn ak lot se sa nou beswen
Wi se sa nou vle,se sa nou beswen nan bel komin nou an
Gantie ak Fonparisien dwe tounen pwason kraze nan bouyon
konsa na pran jaret nou tout ansanm
Fok nou swiv deviz pey nou ki di:yon sel dwèt pa manje kalalou
an nou wè si nou ta renmen plis pou lide yo ka kole ansanm